Jounen jodi 24 Septanm 2019 lan, Ayiti ap travèse yon moman ki difisil anpil. Gen moun ki ap mande depa prezidan Jovenel, gen moun ki ap mande kraze palman, gen moun ki di se sistèm nan ki pou chanje. Ki moun nan mitan moun sa yo nou ka bay rezon?
Avan nou bay yon gwoup moun rezon sou diferan revandikasyon sa yo, fòk nou ta poze yo kesyon pou ki rezon se palman, oubyen se prezidan Jovenel, oubyen se sistèm nan. Sèlman nou konnen ke yo tout ap antann yo sou yon sèl pwen ki se koripsyon. Selon definisyon ki gen rapò ak Dwa, koripsyon se lè yon moun itilize finans pou detounen yon lòt de devwa li, pou angaje li fè yon bagay ki kont lonè li. (Wikitionnaire)
Daprè definisyon sa, nou kapab konstate se nan politik plis yo itilize fòm de koripsyon sa. Lè nou tande pou yon palmantè vote pou ratifye yon minis fòk yo negosye li kèk pòs nan Fonksyon Piblik, oubyen fòk minis la peye yo lajan kach oubyen fè yo kèk don, lè nou tande fason diplomasi a ap vann idantite ayisyèn pou lajan, lè nou tande yon pakèt deriv k'ap fèt pou fonksyonè leta yo vin pi rich pandan peyi a ap vin pi pòv, lè non senatè enplike nan zak kidnaping, sa se prèv ke se politik la k'ap kraze peyi a.
Lè gen tout koripsyon sa nan peyi a, sa bloke peyi a nan tout domèn tankou edikasyon kote elèv pa ka ale lekòl, ouvriye pa ka ale travay, peyizan pa ka desann nan mache pou vann pwodui li, lopital pa ka fonksyone, gen tout kalite pwoblèm. Ayiti sanble ak yon moun ki gen maladi kansè ki sou dènye faz.
Nou bezwen yon solisyon ak pwoblèm sa yo. Pou nou kapab jwenn solisyon sa, premye bagay pou nou mete nan tèt nou, se sektè ekonomi an. Poukisa?
Paske se sektè sa ki kapab ede nou lib finansyèman, sektè ki pou ede enstitisyon nou yo vin fò. Pou n kapab wè sa nou vle di a, an n reflechi yon peyi kote leta gen ase mwayen pou li fonksyone. Egzekitif la gen ase mwayen, Lejislatif la gen ase mwayen, Jidisyè a gen ase mwayen pou yo fonksyone, sa sèlman kapab redui to de koripsyon ki ap ravaje sosyete a.
Nou vini ak blog sa pou ede nou reflechi sou ekonomi peyi nou. Nou kapab jwenn pwen fèb ekonomi nou an, konsa nou kapab jwenn yon solisyon.
Gen anpil kesyon nou vle reponn tankou:
Ki lè ekonomi peyi a te kòmanse pran kou?
Ki pi gwo ènmi ekonomi peyi a?
Kilè n'ap rekonèt yon prezidan bon?
Ki opòtinite peyi a genyen nan domèn ekonomi?

Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire