Atik
sa esplike kòman Etazini te detwi diri endistri lokal peyi d Ayiti nan yon pwen
kote peyizan yo pa menm ka bay tèt yo manje ankò.
Nou ap
viv anba yon sistèm kowonpi kote mande yon plat diri ak pwa chak jou pou tout
gason, fanm ak timoun vin tounen preche revolisyon - Jean Bertrand Aristide
"Dignity", 1990.
Dwa
fondamantal pou manje vin tounen yon pwen santral nan konba pou demokrasi nan
Ayiti. Jean-Bertrand Aristide, ki se
pòtvwa radikal pòv yo an Ayiti, li vrèman karakterize sitiyasyon sa kòm
esklavaj lè li ekri, "Wol esklav la se te rekòlte kokoye, epi wol kolon an
se te manje kokoye yo." Pou Arisitide, se moun sa yo ki gen manje ansanm
ak sa ki pa genyen yo ki make vast abim sa ki separe elit rich la de plizyè
milyon sitwayen k'ap viv nan povrete.
Moun
ki rich nan peyi m yo, yon ti pousantaj zuit nan popilasyon nou an, chita bò
yon tab vast kouvri ak yon nap damase epi ki chaje koule ba ak bon manje,
pandan rès sitwayen ak sitwayèn peyi a fòme yon foul moun anba tab la, ap
kouche sou pousyè epi ap mouri grangou.
Se yon sitiyasyon vyolan, epi yon jou pèp anba tab la pral leve pou
jwenn jisitis yo, yo pral ranvèse tab ki gen tout privilèj yo pou yo pran tout
sa ki pou yo selon dwa yo genyen.
Nou pa
bezwen mande pou ki rezon pati ki pi popilè Ayiti a, Fanmi Lavalas chwazi yon
imaj kote pèp Ayisyen an chita bò yon tab kote y'ap dine kòm anblèm, ki sinyifi
yo ranvèse privilèj ak dwa chak Ayisyen genyen pou pataje richès nasyon
an. Sa pa yon senp senbòl. Nan pwogram 1990 li a, pati Lavalas te
rekonèt dwa pou manje kòm fè pati twa prensip fondamantal, ansanm ak dwa pou
travay ak dwa pou mas defavorize a mande pou yo remèt yo sa yo dwe yo. Nan yon fason konkrè, Arisitide, premye
prezidan Ayisyen ki eli demokratikman, te ilistre angajman sa nan jou
inogirasyon li 7 Fevriye 1991, lè li te envite plizyè santèn timoun lari vin
jwenn li pou yon repa nan jaden Palè a.
"Kriz
grangou ki nan Ayiti a pa yon aksidan - se yon rezilta dirèk de politik
ekonomik USA te enpoze pou zòn andeyò Ayiti yo nan kòmansman ane 1980 yo. Istwa ki fè konnen kòman USA afebli diri
endistri nasyonal Ayiti a ki esplike pouki rezon plantè yon nasyon pa menm
kapab bay tèt yo manje."
Istwa diri a
Istwa
diri ayisyen an kòmanse nan Afrik, kote diri soutni pèp afriken an pandan anpil
syèk. Diri te sitèlman fondamantal pou
pati Lwès afriken an ke li te yon pwovizyon esansyèl nan bato esklav yo ki te
akonpanye Afriken yo te kenbe kaptiv pou ale Brezil, nan Karayib ak nan Sid
Etazini. Jodi a, yon testaman pou 10
milyon nanm ki te kidnape sòti nan peyi yo, chak kote dyaspora Afriken yo te
touche genyen pwòp vèsyon pa yo ki inik sou fason yo kuit diri ak pwa.
Kilti
diri nan Etazini anrasinen byen fon nan esklavaj. Yon otè Nwa ki ekri sou diri, Judith Carney
ekri, "Ameriken idantifye esklavaj ak kilti diri, diri te toujou yon
pwodui nan plantasyon majè pandan twa premye syèk fondasyon Amerik... Nan mitan
18èm syèk, plantasyon diri nan Kawolin Di Sid ak esklav nwa ki t'ap travay nan
yo te rive kreye youn nan pi gwo ekonomi ki te pi rantab nan mond lan."
Kolon Ewopeyen yo pa t konnen anyen de konpleksite ki genyen nan plante,
rekòlte ak bat diri. Men Afriken yo te
mete nan esklavaj yo te konnen sa byen.
Yon
danre fondamantal ki nan rejim alimantè Ayisyen, yo te kiltive diri nan Ayiti
depi endepandans li 1804. Jiska epòk
1980 yo, plantè Ayisyen yo te konn pwodui prèske tout kantite diri ki te konn
konsome nan Ayiti. Anba yon diktati, USA
t'ap sipòte Jean-Claude Duvalier epi yon rejim militè brital ki te vini aprè
sa, yo te kòmanse ap deplimen kilti diri lokal la. Nan espas kèk deseni (10 lane) sèlman, Ayiti
vin tounen 4èm pi gwo mache pou diri Ameriken an nan mond lan. Nan lane 2004, valè diri USA ekspòte nan
Ayiti vin estime ak yon montan de 80 milyon dola US. Fason gwo trajedi sa rive se yon istwa
entèvansyon etranje, koripsyon gouvènman, epi kipidite antrepriz yo ki jwenn
soutyen gras ak represyon san pitye.
1984: USA kraze plantè Ayisyen yo ak ogmantasyon èd alimantè
Èd
alimantè jwe yon wol kle nan detwi
pwodiksyon diri lokal nan Ayiti.
Prezidan Arisitide te obsève, "Ki byen yo fè pou yon peyizan lè se
pastè a k'ap nouri pitit li yo? Pou yon nuit, l'ap remèsye pastè a, paske nuit
sa li pa ka dwe tande pitit li yo k'ap plenyen grangou. Men pou menm diri etranje sa ki gratis ke
pastè a ap itilize pou nouri piti peyizan yo vin ap vann nan mache pou yon pri
ki pi ba ke pwodui peyizan ap fè a.
Manje pastè a ap itilize pou nouri pitit peyizan kenbe peyizan nan
povrete, anpeche li menm nouri pitit li yo."
Pwogram
Inisyativ Basen Karayib (Caribbean Basin Initiative) Ronald Reagan lan nan lane
1984 te pwone yon gran ogmantasyon nan èd alimantè pou Ayiti. Nan lane 1984, Ayiti te resevwa 11 milyon
dola sou fòm manje kòm èd; sòti 1985-1988, Ayiti te resevwa 54 milyon dola sou
fòm manje kòm èd. Pwogram Inisyativ
Basen Karayib la te mande pou entegre Ayiti nan mache global la pandan y'ap
redirije 30 % pwodiksyon manje nasyonal
Ayiti a pou ekspòtasyon danre, yon plan ekspè Ajans Etazini pou Devlopman
Entènasyonal yo te rive egzekite sistematikman.
Etazini te rekonèt trè byen sa ta pral mennen Ayiti nan yon grangou nan
tout zòn rekile, dèske tè peyizan yo te vin konvèti pou fè manje pou etranje.
Èd
alimantè te sanse se endamnite yo te konpanse peyizan yo pou tè yo ki te konn
fè manje yo pèdi. Èd alimantè yo te an
favè gwo konpayi ameriken yo ki t'ap plante ak transpòte yo, men ki rive mete
nan dlo ekonomi nasyonal yo. Toutan
manje ameriken yo ki bon mache vann mwen chè ke pwodui peyizan ayisyen yo, se
konsa pwodiksyon nasyonal la vin pa ka kenbe.
Efektivman, èd alimantè te vin kreye yon depandans de enpòtasyon ki sòti
de peyi etranje.
Kòman
Etazini te rive kapab enpoze volonte li sou zòn andeyò Ayiti yo? Nan tan sa,
Jean-Claude Duvalier, pitit yon diktatè ayisyen vrèman mechan, François
Duvalier, t'ap dirije Ayiti. Menm jan ak
papa l, ti Duvalier kenbe pouvwa gras ak kontwòl li te genyen sou fòs sekirite
ki t'ap fè represyon sou pèp la. Li te resevwa plizyè milyon nan men USA kòm èd
pou li te ka kenbe enfliyans USA nan Karayib la tankou yon ranpa kont
Kiba. Administrasyon Reagan nan te
kondisyone èd USA an tèm de sipò Duvalier nan plan li pou restriktire ekonomi
Ayiti. Se konsa pi gwo entèvansyon
etranje an mas te rive fèt sou Ayiti depi okipasyon Ameriken an 1915- 1934 la.
1986: Jwèt la gen koken - Diri Miami anvayi Ayiti
"Nou
pa ka vann diri nou... diri ap sòti Miami, epi kounyè a nou pa ka viv,"
Emmanuel Georges te di pandan li te mete yon barikad nan L'Estère. Los
Angeles Times, 21 Desanm 1986
Nan
Fevriye 1986, yon soulèvman popilè te rive fòse Duvalier kite pouvwa. Aprè li te kouri kite Ayiti, pandan li te tou
pwofite piye kès leta, yon gwoup militè ki te gen alatèt li Jeneral Henry
Namphy pran pouvwa. Depi davans, Etazini
te gentan fè alyans ak gwoup militè sa pou yo pran mezi pou restriktire ekonomi
Ayiti a. Nan lane 1987, Namphy te
resevwa nan men Fon Monetè Entènasyonal yon prè ki estime a 24.6 milyon dola US
an echanj pou desann taks sou diri sòti de 150 pousan rive nan 50 pousan, ki te
vin pi ba nan Karayib la. Li te rive
ouvri tout pò Ayiti pou fè aktivite komès epi li te dakò pou li kanpe tout ti
sipò gouvènman t'ap ofri ak peyizan yo.
Pandan sa, elit militè Ayiti te wè yon opòtinite pou fè yon pwofi nan
kontrebann ak diri ameriken an.
Nan
Etazini, adopsyon lwa agrikòl 1985 lan te ogmante konsiderabman sibvansyon yo
te bay plantè diri ameriken yo. Vè 1987,
40 % pwofi plantè diri ameriken yo fè te sòti nan gouvènman. Diri ameriken an kapab vann kounyè a ak yon
pi piti pri trè ba pa rapò ak diri ayisyen an nan mache. Peyizan ayisyen yo pa t janm benefisye yon
chans kont konpetisyon sa ki t'ap toupizi yo.
Nan
Ayiti, diri enpòte ameriken an rele "diri Miami" paske se Miami yo
mete li nan bato pa sak avèk etikèt "Miami, FLA" sou li. Nan zòn Desanm 1987 yo, diri Ayiti a te vin
tonbe a 75 % nan konsomasyon Ayisyen yo.
Peyizan ayisyen ki sibi domaj sa te barikade wout nasyonal yo ak pò yo
pandan 3 mwa pou pwoteste kont diri ameriken an ki te bon mache epi ki te
gentan kòmanse inonde mache ayisyen yo.
Yo atake gwo kamyon diri Miami yo ak manchèt, pik ak baton, gaye tout
diri atè a.
Defen
Pè Gerard Jean-Juste, yon prèt katolik Ayisyen ak avoka dwa moun, pita te vin
raple epòk sa: "Nan zòn 1980 yo,
diri enpòte te anvayi Ayiti, ak yon pri pi ba ke sa plantè yo te konn
pwodui. Plantè yo pèdi mwayen ki te konn
fè yo antre kòb. Moun ki sòti andeyò yo te vin kòmanse pèdi djòb yo epi kòmanse
desann nan vil yo. Aprè
kèk lane ki pa anpil diri enpòte a ba pri sa yo, pwodiksyon nasyonal la vin
desann nèt."
1990: Demokrasi pote lespwa
Vè
1990, lane Pè Jean Bertrand Aristide te eli kòm prezidan nan premye eleksyon
demokratik Ayiti, diri USA enpòte a depase pwodiksyon nasyonal la. Aristide te
kandida mouvman popilè Ayiti a Lavalas. Li te ranpòte eleksyon an avèk 67 % nan
vòt yo. Inogirasyon li Fevriye 1991 make viktwa pou majorite defavorize Ayiti
aprè plizyè deseni fanmi Duvalier a te pase kòm diktatè ak pouvwa militè,
pandan li te souliye patisipasyon pòv yo nan yon nouvo lòd sosyal. Nouvo
administrasyon an te kòmanse enplemante divès pwogram nan alfabetizasyon pou
granmoun, swen sante, redistribisyon tè, fè presyon pou ogmantasyon salè
minimòm; epi pwopoze nouvo wout ak enfrastrikti.
Aristide
te enpoze taks sou moun rich yo, li elimine tout enfrastrikti nan tout seksyon
kominal yo ki te ranfòse fòs paramilitè yo ke tout moun te konnen sou non
"Tonton Makout". Li fèmen Fò
Dimanch, sant efreyan kote yo te konn tòtire moun nan tan Duvalier a. Gouvènman Aristide la te rankontre avèk yon
gwo kowalisyon asosyasyon ak inyon plantè epi li pwopoze pou li achte tout diri
Ayisyen yo plante nan fason pou stabilize pri a, limite diri enpòte a pandan
plizyè peryòd ant rekòlt yo.
1992: American Rice Inc. pwofite de koudeta sanglan Ayiti a
Jis
aprè 7 mwa aprè inogirasyon, yo te voye jete prezidan Aristide ak gouvènman
demokratik la nan yon koudeta militè sanglan ki te gen nan tèt li Jeneral Raoul
Cedras. Li te antrene Etazini epi li te
finanse pa CIA (Ajans Santral Entèlijans, Central Entelligence Agency), Cedras
t'ap kòmande Lame Ayisyen an. Rejim li
an te dechennen pou l te fè vyolans kolektiv avèk fòs represiv Ayiti a kont
pwòp pèp li. Sòti 1991-1994, prèske 5
mil militan Lavalas ak sipòtè gouvènman konstitisyonèl la te rive masakre;
anpil lòt te rive tòtire ak ale nan prizon.
Vyòl te tankou yon zam politik ki te gaye tout kote. Twa san mil Ayisyen te oblije al kache,
pandan plis ke 10 mil te kouri kite peyi a.
Toupatou
sou latè ak nan Etazini, te gen yon gran rèl ki t'ap kriye pou mande restore
demokrasi ak retou Prezidan Aristide.
Apa Vatikan, pa t gen anpil gouvènman ki te rekonèt rejim ilegal Cedras
la, yo te kondane li lajman pou fason li t'ap vyole byen lèd dwa moun. Sa pa t anpeche Ameriken Rice Inc. kolabore
ak rejim militè san pitye sa pou jwenn yon pwofi. Nan mwa Septanm 1992, apèn yon lane koudeta,
American Rice Inc. te negosye yon kontra 9 lane avèk gouvènman ilegal ayisyen,
pou yo enpòte diri Ameriken an anba nouvèl fòm li Rice Corporation of Haiti
(Sosyete Diri Ayiti).
American
Rice Inc. se yon sibvansyon pou Erly Industries, yon antrepriz agrikòl
entènasyonal ki vrèman puisan. Konpayi a
kenbe yon pozisyon ki prèske monopolistik sou diri Ayiti a nan mache. Nan ane 1980 yo American Rice Inc. te enpòte
diri anba yon mak ki se Comet Rice, ki te reprezante plis nan kantite diri
Miami ki t'ap ravaje pwodiksyon diri Ayisyen nan tan sa.
Nan
ane 1990 yo, American Rice Inc. te ajoute pwofi li te fè nan diri kontrebann
lan nan sa li te fè nan enpòtasyon diri "legal"yo pou li te ka evite
peye taks sou enpòtasyon yo. Lawrence Theriot, yon lobiyis Washington pou American
Rice Inc., li te yon ansyen direktè pwogram Caribbean Basin Initiative Reagan
an. Li te genyen zanmi ki te vrèman
puisan nan Washington, DC tankou Senate Foreign Relations Committee Chairman
Jesse Helms (Komite Relasyon Eksteryè nan Sena Jesse Helms; Republican, North
Carolina). Nan Mas 2000, gouvènman
Ayisyen te rive kondane konpayi USA yon amann $1.4 milyon paske li te refize
peye dwa de dwàn nan Ayiti. Jesse Helms
te riposte nan kenbe $30 milyon èd USA, epi refize wo grade nan ofisyèl Ayisyen
yo jwenn viza pou yo antre Etazini. Aprè
sa, Komisyon Echanj Sekirite Ameriken te jwenn Theriot ak 2 lòt kad nan
American Rice Inc. koupab nan pratike koripsyon nan zafè etranje.
Bill Clinton tankou Kwokodil k'ap kriye
"Dilèm
nan se, mwen kwè, se dilèm klasik pòv yo; yon chwa ant lanmò ak lanmò. Swa nou antre nan yon sistèm ekonomi global,
kote nou konnen nou pa ka chape, oubyen, nou refize, epi nou fè fas ak lanmò
pandan n'ap grangou detanzantan. Avèk
chwa sa yo, ijans ki kapab fè nou jwenn yon twazyèm chemen trè klè. Fòk nou jwenn yon maj de manèv, yon espas ouvè tou senpleman pou
nou chape. – Jean-Bertrand
Aristide, Eyes of the Heart, 2000.
Eleksyon
Bill Clinton nan 1992 te rive fèt nan moman rejim Cedras la t'ap fè represyon
nan Ayiti, lè prezidan Aristide t'ap viv nan egzil nan Etazini. Aprè tranbleman de tè 2010 lan nan Ayiti,
Clinton te mande eskiz nan je tout moun paske li te fòse Ayiti desann taks sou
diri li yo pandan administrasyon li a.
Li te admèt li te ede gwo agro-antrepriz Arkansas rekolte anpil benefis
nan detwi diri plantè Ayiti yo. Men gen
anpil lòt bagay Clinton pa di nan istwa sa.
Clinton
te plase tankou yon medyatè ant lidè ki te bay koudeta yo ak Prezidan Aristide
pou negosye retou gouvènman eli demokratikman nan Ayiti. Li te pwofite de fonksyon li pou li itilize
menas represyon ki t'ap kontinue tankou yon bato komès. Pandan USA t'ap angrese, t'ap mande pou te
gen plis konsesyon ekonomik - soutyen ki yon ti kras sekrè pou rejim militè
Ayiti a - gwoup sòlda t'ap kontinue asasinen sipòtè gouvènman konstitisyonèl la. Nan kontèks fòse sa, Aristide te reziste anba
plan neoliberal ameriken an. Li te
ensiste pou diskisyon enstitisyon finansyè te mande sou pwojè ki te vize vann
antrepriz leta yo ta dwe genyen avantaj pou pòv yo, opòtinite ki lye ak
kopopriyete, yon finansman pou sante ak edikasyon, reparasyon pou viktim
koudeta yo. Aristide pral refize pwosede
ak privatizasyon antrepriz leta yo, l'ap kraze lame ayisyen an kont fòs
objeksyon Ameriken yo, l'ap ogmante salè minimòm, epi l'ap tradui lajistis
dirijan paramilitè yo (kò makout la) ke yo te akize touye moun yon jan
ekstrajidisyè.
Nan
tan Prezidan Aristide te tounen Ayiti, destriksyon pwodiksyon diri peyi a te yon fait accompli, viktim de yon
long kanpay ameriken ki fèt entansyonèlman ak yon pri ki kont plantè ayisyen yo
an kolizyon avèk 2 rejim diktati youn dèyè lòt ansanm ak rejim militè. Diri enpòte Miami an te gentan konstitue 80 %
nan konsomasyon lokal Ayiti. Diri
kontrebann te alamòd, rejim kowonpi Cedras la te rann li posib, li te pito
asepte "pot-de-vin" olye li te fòse yo peye taks.
Anyen
pa t chanje aprè Clinton te bay eskiz li.
Tranbleman tè 2010 la te tounen yon lòt opòtinite biznis pou sosyete
etranje pou anvayi ekonomi Ayiti a, pandan y'ap jete san pitye èd alimantè sou
kamyon bay Ayisyen ki pèdi tout espwa.
Ni nou pa ka retire responsablite sa sou do Clinton lè li te fòse plizyè
milye Ayisyen "boat people" tounen nan peyi yo, lè yo t'ap kouri pou
tirani anba jent militè Cedras la, lè li te arete 12 000 lòt refijye kote li te
voye yo ilegalman al nan prizon nan Bè Guantanamo.
Demokrasi ak reparasyon
Genyen
2 vizyon opoze nan lavni Ayiti - youn pwojte pa Fanmi Lavalas ki nan avantaj
gwoup majorite pòv la; lòt la ke Etazini ak lòt peyi rich enpoze epi ki ap
anrichi sosyete entènasyonal yo ak klas elit Ayisyen an. Sa ki klè sè ke pèp ayisyen dwe gen plis valè
ke pwofi etranje yo ak klas elit rich la. Sa vle di vrè demokrasi ak respè pou
souvrènte Ayisyen.
Demokrasi
mande nou pou nou mete bezwen ak dwa pèp nan mitan efò nou yo. Sa vle di envesti nan pèp. Envesti nan pèp vle di premyeman ba yo manje,
dlo pwòp, edikasyon ak swen sante. Bagay sa yo se baz elemantè dwa moun. Sa se defi nenpòt ki demokrasi ki reyèl pou
garanti bagay sa yo – Jean-Bertrand Aristide, Eyes of the Heart.
Atik sa se tradiksyon yon atik an anglè Leslie Mullin te ekri.
Daprè sa nou kapab kòmante de Atik sa, nou vin konnen kiyès ki se prensipal sous mizè nan peyi a, fòk Ayisyen pran konsyans pou yo ka konnen kiyès ki zanmi yo ak kiyès ki pa zanmi yo. Aprann reflechi avan nou pran yon desizyon. Sispann pran lajan nan men ènmi pou touye frè parèy ou menm jan ak Henry Nemphy ak Cédras. Se avèk yo Ameriken te sèvi pou fè nou ap pase mizè jounen jodi a.
Mwen swete Atik sa ouvri zye nou e fè nou pran konsyans.






