mardi 24 septembre 2019

Destriksyon kochon kreyòl nou yo


Kilè ekonomi peyi a te kòmanse pran kou kifè peyi a tounen peyi ki pi pòv nan emisfè Lwès la?



Avan lane 80 yo, peyizan nou yo te gen yon ras kochon ki te vrèman rezistan. Kochon sa te konn manje tout sa li jwenn. Peyizan yo pa t konn vrèman depann de sondeble pou okipe kochon sa. Li te tankou yon kanè bank pou li. Se te kochon sa ki te konn ede peyizan retabli aprè siklòn fin pase.

Kochon sa te yon gran soutyen pou ekonomi ayisyèn nan. Se te kochon ki te pèmèt voye timoun lekòl, ale lopital, jwenn semans pou plante, etsetera.
Nan lane 80 yo, te gen yon maladi ki te rele "Pèst pòsin afrikèn"ki te gentan Sendomeng. Leta ameriken sou fòm USAID te pran pretèks sou maladi sa pou te pran tèt leta ayisyen pou eradike tout kochon kreyòl yo pou yo te ka anpeche maladi sa rive Etazini. Leta ayisyen te asepte fè sa, konsa yo te deside touye tout kochon avèk ide y'ap ranplase yo pa yon lòt ras ki pi bon sou fòm yon pwogram ki te rele PEPPADEP.
Lè ras kochon sa te parèt, se yon ras ki te mwen rezistan. Peyizan vin depann kounyè a de sondeble k'ap sòti Etazini. Imajine kantite kòb k'ap soti nan ekonomi ayisyèn nan pou ale nan ekonomi amerikèn nan chak ane pou sondeble sèlman (nou pa gen chif, men li anpil). Ameriken yo fè yon kou entèlijan pou kontwole mache sa. Si leta ayisyen te pi entèlijan, yo t'ap panse ak konsekans eradikasyon sa ki ta pral fè pou kraze ekonomi peyi a ki te santre sou kochon sa yo. Imajine kantite peyizan ki vin pòv apre siklòn fin pase kounyè a. Se Ayiti k'ap peye po kase a jiskaprezan apre yon move desizyon. 

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire